Isaiah 47
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1“Vin desann chita nan pousyè a, O fi vyèj Babylone nan;
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
2Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
3Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
4Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
5Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
6Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
7Malgre, ou te di: ‘Se rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
8“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
9Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
12Kanpe fèm nan tout maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13Ou vin fatige ak tout konseye yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14Gade byen, yo tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:
Tout sa yo ki fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.

Did you know?
The Fall of Babylon
- Babylon is personified as a pampered queen and royal daughter who is abruptly humiliated. Instead of sitting securely on a throne in luxury, she is commanded to sit in the dust and perform the menial labor of an enslaved worker, grinding flour with millstones.Sources: the Bible text itself
- The chapter highlights Babylon's reliance on occult practices and stargazing. The prophet challenges the city's astrologers, sorcerers, and monthly omen-casters to step forward, declaring that their arts will be completely burned up like stubble and unable to prevent sudden ruin.Sources: the Bible text itself
- Babylon, situated along the Euphrates River in Chaldea, had been allowed to rule over God's people as an instrument of judgment. However, the text rebukes the empire for showing no mercy, noting that it placed heavy yokes even upon the elderly.Sources: Babylon · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org