Isaiah 27
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan jou sa a, SENYÈ a va pini Leviathan ak gwo nepe a byen di. Leviathan, sèpan tòde a, kap pran flit; li va touye dragon an ki rete nan lanmè a.
2Nan jou sa a, chante pou li ”Yon bèl chan rezen! 3Mwen, SENYÈ a, se jeran li. Mwen wouze li tout tan. Pou pèsòn pa fè l donmaj, Mwen veye li lajounen kon lannwit. 4Mwen pa moun lakòlè. Men si Mwen ta jwenn raje ak pikan yo, Mwen ta fè batay! Mwen ta mache sou yo, e brile yo nèt. 5Oswa, kite li depann de fòs Mwen pou l ka fè lapè avè M. Kite li fè lapè avè M.”
6Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi. 7Èske Li te frape yo, jan li te frape sa yo ki frape yo? Oswa èske se tankou masak Sila ki touye yo a, Li te touye yo? 8Ou te konfwonte yo ak egzil; ou te pouse yo ale. Ak souf fewòs Li, Li te chase yo ale nan jou van lès la. 9Akoz sa e atravè sa, inikite a Jacob la va padone. Konsa, sa va tout fwè a pou retire peche li: lè l fè lotèl wòch yo vin tankou poud wòch lakrè, pou Asherim nan ak lotèl lansan yo pa kanpe ankò. 10Paske vil fòtifye a vin sèl, yon anplasman kay ki dezole e ki vin bliye tankou dezè. Jenn bèf la va manje la, li va kouche e manje sou branch li yo. 11Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
12Nan jou sa a, SENYÈ a va kòmanse bat gwo rekòlt Li depi nan flèv Rivyè Euphrate la jis rive nan dlo Égypte la, e nou va vin ranmase youn pa youn, O fis Israël yo.
13Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.

Did you know?
The Fruitful Vineyard and the Return of the Exiles
- In Isaiah 27, Israel is portrayed as a fruitful vineyard carefully guarded and continually watered by the Lord so that it will take root and fill the world with fruit. This picture of divine protection and flourishing stands in contrast to the earlier depiction of an unfruitful vineyard in the book.Sources: the Bible text itself
- The prophecy describes the gathering of Israelites between the flowing Euphrates River and the Brook of Egypt. In biblical tradition, these two geographical landmarks defined the expansive borders of the land promised to Abraham's descendants.Sources: the Bible text itself · Euphrates · Brook of Egypt
- The sounding of a great ram's horn is foretold to call back exiles who were dispersed in the powerful empires of Assyria and Egypt. The returning survivors are summoned to worship the Lord together upon the holy mountain in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Assyria · Egypt · Jerusalem
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verse 12
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 13
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org