Isaiah 26
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:
“Nou gen yon vil ki fò;
li monte miray ak ranfò pou sekirite.
2Ouvri pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;
sila ki rete fidèl la.
3Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
5Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,
vil ki pa t kapab venk lan.
Li te desann li ba.
Li te desann li jis atè.
Li te jete li nan pousyè.
6Pye va foule l, pye a malere a,
pla pye a sila ki san sekou yo.”
7Chemen moun jis se ladwati.
O Sila Ki Dwat la, fè wout a moun dwat yo a byen pla.
8Anverite, selon jijman Ou yo,
O SENYÈ, nou t ap tann Ou.
Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
9Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.
Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;
paske lè jijman Ou yo rive sou latè,
sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
10Malgre mechan an ta jwenn favè, li p ap aprann ladwati.
Li aji ak enjistis nan peyi ladwati.
Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.
11O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li;
men yo va wè zèl Ou pou pèp la
e y ap vin wont.
Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.
12SENYÈ, Ou va etabli lapè pou nou,
akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.
13O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apa de ou te gouvène nou;
men se non Ou sèl, ke n ap konfese.
14Sila ki mouri yo p ap viv.
Lespri ki pati yo p ap leve ankò.
Konsa, Ou te pini yo, detwi yo
e Ou te efase tout memwa a yo menm.
15Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,
Ou te agrandi nasyon an!
Ou leve wo!
Ou te fè tout lizyè peyi a vin pi laj.
16O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou.
Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè lè chatiman Ou te sou yo.
17Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;
li vire kò l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;
se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.
18Nou te ansent, nou te vire kò,
men nou pa t bay nesans a plis ke van.
Nou pa t ka akonpli delivrans sou tè a,
ni pitit mond yo pa t tonbe.
19Moun mouri Ou yo va viv;
kadav pa yo va leve.
Nou menm ki kouche nan pousyè a,
leve e fè kri lajwa,
paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,
e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.
20Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou
e fèmen pòt nou dèyè nou.
Kache pou yon ti tan jiskaske gwo kòlè a fin pase.
21Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,
pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.
Konsa, latè va fè parèt tout san vèse li yo,
e li p ap kache mò li yo ankò.
Did you know?
A Song of Trust and Deliverance
- Isaiah chapter 26 presents a song of celebration to be sung in Judah. It contrasts a lofty, proud city brought down into the dust with a strong city whose walls and ramparts are divine salvation, welcoming a righteous and faithful nation.Sources: the Bible text itself
- The chapter contrasts the futility of human effort—likened to a woman writhing in labor only to give birth to wind—with God's promise that the dead will live and rise from the dust, refreshed like morning dew.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org