Isaiah 17
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pwofesi sou Damas.
“Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi. 2Vil Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. 3Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
4Alò, nan jou sa a, glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. 5Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan vale Rephaïm yo. 6Sepandan, kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. 7Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. 8Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo. 9Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. 10Paske nou te bliye Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
12Sepandan, gwo zen a anpil nasyon ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. 14Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.

Did you know?
Judgment on Damascus and Ephraim
- The oracle against Damascus connects the fate of the Syrian capital with that of the northern kingdom of Israel, referred to as Ephraim and Jacob. The prophecy foretells that both the sovereignty of Damascus and the fortified power of Israel would fade together.Sources: the Bible text itself · Damascus · Syria
- The text uses familiar agricultural imagery to describe judgment and remnant: a harvester gathering grain in the Valley of Rephaim near Jerusalem, and a beaten olive tree left with only two or three olives at the very top.Sources: the Bible text itself · Valley of Rephaim
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Damascus · 33.511, 36.306 · verses 1, 3
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 3
- Valley of Rephaim · 31.763, 35.219 · verse 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org