Isaiah 16
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. 2Li va rive ke tankou zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. 3“Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! 4Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. 5Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.
6Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. 7Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. 8Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. 9Pou sa, Mwen va kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 10Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. 11Pou sa, kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. 12Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou wo plas li e rive nan sanktyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
13Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. 14Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”

Did you know?
Moab's Plea and the Ruin of Its Vineyards
- Moabite fugitives are urged to seek shelter by sending tribute lambs across the desert from Sela to Mount Zion in Jerusalem, where a righteous judge from the line of David rules in faithfulness.Sources: Sela · Zion · the Bible text itself
- The chapter's lament focuses heavily on the loss of Moab's famous viticulture, mourning the ruined grapevines and silent winepresses of towns such as Sibmah, Heshbon, and Jazer.Sources: Sibmah · Heshbon · Jazer · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
- Arnon · Today: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · verse 2
- Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 2, 3, 4, 6, 7, 8, 11, 12, 13, 14
- Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 8
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org