Hebrews 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.
2Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. 3Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.
4Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”
5E ankò nan pasaj sa a: “Yo p ap antre nan repo Mwen.”
6Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz dezobeyisans yo, 7Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan menm jan ke Li te di avan an: “Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”
8Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
9Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. 10Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo. 11Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
12Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
14Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

Did you know?
The promise of God’s rest
- Hebrews 4 sets God’s rest on the seventh day beside a rest the people had not yet entered. It recalls that on the seventh day God rested from all his works, finished since the foundation of the world. Because Joshua did not give them rest, the chapter says, God later spoke of another day, and a Sabbath rest remains for the people of God.Sources: the Bible text itself
- Those who first heard the good news, the chapter says, gained nothing from the message because they did not share the faith of those who understood it, and they did not enter God’s rest because of disobedience, after God had sworn in anger that they never would. Long afterward he named a day “Today” and spoke through David, urging hearers not to harden their hearts if they heard his voice. That David is identified as the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem, who early on tended his father’s sheep on the uplands of Judah.Sources: the Bible text itself · David
- The same chapter calls the word of God living and active, sharper than any double-edged sword, and able to judge the thoughts and intentions of the heart, and it says nothing in all creation is hidden from God’s sight. It then speaks of Jesus, the Son of God, as a great high priest who has passed through the heavens, tempted in every way as others are, yet without sin, so that people may approach the throne of grace with confidence.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org