Hebrews 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. 2Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. 3Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. 4Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. 5Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon sèvitè pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
7Konsa, jan Lespri Sen an di a:
“Jodi a, si nou tande vwa Li,
8pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a,
pandan jou tribilasyon yo nan dezè a,
9kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan
tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo
pandan karant ane.
10Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,
e M te di:
‘Yo toujou vin egare nan kè yo;
e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.
11Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,
‘Yo p ap antre nan repo Mwen’.
12Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.
14Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen; 15Pandan ke li di:
“Jodi a si nou tande vwal L,
pa andisi kè nou,
jan lè yo te fè nan rebelyon an.”
16Paske kilès ki te fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
17Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?
18Epi a kilès Li te sèmante ke yo pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
19Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.

Did you know?
Greater Glory Than Moses
- Hebrews asks its readers to fix their attention on Jesus, the apostle and high priest they confess. He was faithful to the one who appointed him, just as Moses was faithful in all God's house, but Jesus is counted worthy of greater glory than Moses, as the builder of a house has greater honor than the house. Moses was faithful as a servant; Christ is faithful as the Son over God's house.Sources: the Bible text itself
- The warning looks back to the people Moses led out of Egypt. For forty years in the wilderness they tested God, who was angry with that generation and swore they would never enter his rest; their bodies fell in the wilderness. The chapter says that unbelief kept them from entering.Sources: the Bible text itself
- Egypt, the land they left with Moses, is the land of the Nile and the pyramids. Easton's Bible Dictionary (1897) explains the name Moses as Drawn, or links it with the Egyptian word mesu, meaning son.Sources: the Bible text itself · Egypt · Moses
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org