Galatians 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras. 5Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap tann esperans ladwati a. 6Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7Nou t ap kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8Enfliyans sa a pa t sòti nan Sila ki te fè apèl de nou an. 9Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta menm chatre pwòp kò yo.
13Paske nou te rele pou libète, frè m yo. Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; “Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

Did you know?
Freedom, the Law, and the Spirit
- The speaker identifies himself as Paul and warns that if those he addresses let themselves be circumcised, Christ will be of no value to them, and that every man who gets himself circumcised is obligated to obey the whole law. A biographical account says that Paul's circumcision-name was Saul, and that the name Paul was probably given to him in infancy for use in the Gentile world, while Saul would be his Hebrew home-name.Sources: the Bible text itself · Paul
- Freedom is set against a yoke of slavery: the chapter says Christ has set them free and tells them to stand firm and not be burdened again by that yoke. They were called to freedom, not as an opportunity for the flesh, but to serve one another in love, and the entire law is fulfilled in the single decree to love one's neighbor as oneself.Sources: the Bible text itself
- Walking by the Spirit is contrasted with gratifying the desires of the flesh, which are opposed to each other. If people are led by the Spirit, they are not under the law; the chapter lists the acts of the flesh and the fruit of the Spirit, and says that against such things there is no law.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org