Nations Bible

Galatians 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. 3Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.

8Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. 9Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? 10Nou obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. 11Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.

12Mwen priye nou frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò; 13men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a. 14Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.

15Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen. 16Èske konsa mwen vin lènmi nou akoz ke m di nou Verite a? 17Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. 18Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e pa sèlman lè m la avè nou.

19Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Kris fòme nan nou— 20Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen reflechi sou nou, paske mwen vin pa konprann nou.

21Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa tande Lalwa a? 22Paske li ekri ke Abraham te gen de fis youn pa fanm ki te esklav la, e youn pa fanm ki te lib la. 23Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. 24Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar. 25Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. 26Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. 27Paske sa ekri:

“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;

eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa

nan doulè pou fè timoun nan:

paske pitit a sila ki aflije a plis an

kantite pase sila ki gen mari a.”

28Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la. 29Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. 30Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” 31Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

No Longer Slaves, but Sons

  • This chapter says Abraham had two sons, one by a slave woman and one by a free woman, and that the women represent two covenants. Hagar, the slave woman, was an Egyptian, Sarah's handmaid, given to Abraham as a secondary wife; her son was Ishmael. Isaac, Abraham's only son by Sarah, is the child of promise to whom the chapter likens its readers.Sources: the Bible text itself · Hagar · Isaac
  • The chapter identifies Hagar with Mount Sinai in Arabia, a mountain also called Horeb. Easton's Bible Dictionary (1897) describes that mountain district as the place the Hebrews reached in the third month after the Exodus, where they camped for about a year, and places the Sinai peninsula in Western Arabia.Sources: the Bible text itself · Mount Sinai · Arabia
  • The chapter contrasts the Jerusalem of its own day, which it says is in slavery with her children, with the Jerusalem above, which it calls free. Easton's Bible Dictionary (1897) calls the city the holy city and the city of God, and says its name, dual in form, means possession of peace or foundation of peace, probably referring to Mounts Zion and Moriah or, as some suppose, to the upper and lower city.Sources: the Bible text itself · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Arabia · Today: Arabia Petraea · 30.070, 35.350 · verse 25
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 25, 26

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.