Nations Bible

Ezra 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, lè lènmi a Juda yo avèk Benjamin yo te tande ke moun egzil yo t ap bati yon tanp a SENYÈ a, Bondye Israël la, 2yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”

3Men Zorobabel avèk Josué ak tout lòt chèf a lakay zansèt a Israël yo te di yo: “Ou pa gen anyen ansanm avèk nou menm nan bati yon kay a Bondye nou an, men nou menm pou kont nou, nou va bati a SENYÈ a, Bondye Israël la, kon Cyrus, wa Perse la, te kòmande nou an.”

4Konsa, pèp peyi a te kòmanse dekouraje pèp Juda a, e te bay yo pwoblèm bati a. 5Konsa yo te anplwaye konseye yo kont yo pou detounen pwòp bi pa yo pandan tout jou a Cyrus yo, wa Perse la, menm jis rive nan règn Darius la, wa Perse la. 6Alò nan règn Assuérus la, nan kòmansman règn li a, yo te ekri yon akizasyon kont pèp Juda a avèk Jérusalem nan.

7Nan jou a Artaxerxès yo, Bischlam, Mithredath, Thabeel ak tout lòt kòlèg pa yo te ekri a Artaxerxès, wa Perse la. Lèt la te ekri nan lang Arameyen e livre nan lang Arameyen. 8Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, grefye a, te ekri yon lèt kont Jérusalem a Wa Artaxerxès la, kon swivan. 9Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kòlèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo, 10ak tout lòt nasyon ke onorab e pwisan Onsappar te depòte e retabli nan vil Samarie ak nan tout lòt rejyon lòtbò rivyè Jourdain an.

11Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a:

“A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.

12Kite li vin rekonèt a wa a ke Jwif ki te monte soti kote ou te rive kote nou an Jérusalem. Yo ap rebati vil rebèl e mechan sa a e ap fin fè miray avèk reparasyon fondasyon yo. 13Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a. 14Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a, 15pou ou kab fè rechèch nan achiv a papa zansèt pa ou yo. Konsa, ou va dekouvri nan rekò ansyen yo ke vil sila a se yon vil rebelyon, ki konn fè donmaj a wa yo avèk pwovens yo, e ke yo te pwovoke revolisyon ladann nan tan pase yo. Se pou rezon sa a, ke vil sa a te vin detwi nèt konsa. 16Nou enfòme wa a ke si vil sa a rebati e miray yo konplete; akoz sa a, ou p ap ankò posede anyen nan pwovens lòtbò larivyè Jourdain an.”

17Wa a te voye reponn a Rehum, kòmandan a Schimschaï, grefye a ak tout lòt kòlèg pa yo ki te rete Samarie, ak nan tout lòt pwovens ki te lòtbò Rivyè Jourdain an:

Lapè.

18Dokiman ke nou te voye bannou an te tradwi ak li devan m. 19Mwen te fè yon dekrè, rechèch te fèt e li te dekouvri ke vil sa a te konn leve kont wa yo nan jou pase yo, ke rebelyon avèk revolisyon te konn fèt ladann, 20ke wa pwisan pa yo te konn gouvène tout pwovens lòtbò larivyè yo e ke kontribisyon obligatwa yo, tarif yo, e lese pase yo te konn peye a yo menm. 21Pou sa, pibliye yon dekrè pou fè mesye sila yo sispann travay la pou vil sila a pa rebati jiskaske yon dekrè pibliye pa mwen menm. 22Veye ke nou pa lach nan akonpli bagay sa a. Poukisa nou ta kite donmaj ki p ap nan avantaj a wa yo vin plis?

23Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kòlèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam. 24Alò, travay lakay Bondye Jérusalem nan te sispann jis rive nan dezyèm ane a Darius, wa Perse la.

Did you know?

Opposition to the Rebuilding in Jerusalem

  • When the returned exiles began rebuilding the temple, neighboring peoples offered to join, stating they had sacrificed to God since King Esar-haddon of Assyria resettled them in the region. When Zerubbabel and the Jewish leaders refused the offer, these neighbors actively opposed the project and intimidated the builders.Sources: the Bible text itself · Zerubbabel · Esar-haddon
  • Opposition leaders, including Rehum the commander and Shimshai the scribe, sent an Aramaic letter to King Artaxerxes warning that rebuilding Jerusalem would lead to lost tax revenue and rebellion. Artaxerxes searched royal records, confirmed past revolts, and ordered the work stopped by force until the reign of King Darius of Persia.Sources: the Bible text itself · Rehum · Shimshai · Artaxerxes

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Assyria · 36.359, 43.153 · verse 2
  • Persia · 34.806, 48.516 · verses 3, 5, 7, 9, 24
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 6, 8, 12, 19, 20, 23, 24
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 9, 12
  • Elam · 32.189, 48.258 · verse 9
  • Erech · Today: Uruk · 31.322, 45.636 · verse 9
  • Susa · Today: Shush · 32.189, 48.258 · verse 9
  • Beyond the River · 31.777, 35.234 · verses 10, 11, 16, 17, 20
  • Samaria · 32.276, 35.195 · verses 10, 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.