Ezra 3
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, lè setyèm mwa a te fin rive e fis Israël yo te nan vil yo, pèp la, kon yon sèl moun, te reyini ansanm Jérusalem. 2Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a. 3Pou sa, yo te mete lotèl la sou fondasyon li, malgre yo te krent anpil akoz pèp a nasyon yo, epi yo te ofri ofrann brile yo sou li a SENYÈ a, ofrann brile nan maten ak nan aswè. 4Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo; 5epi apre, te genyen yon ofrann brile san rete. Anplis, pou nouvèl lin e pou tout fèt SENYÈ a ki te òdone e konsakre yo, e soti nan tout moun ki te ofri yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a. 6Soti nan premye jou nan setyèm mwa a, yo te kòmanse ofri ofrann brile a SENYÈ a, men fondasyon tanp lan potko poze. 7Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.
8Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a. 9Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.
10Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
12Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa, 13jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son an te koute soti byen lwen.

Did you know?
Rebuilding the Altar and Temple Foundation
- The returned exiles restored sacrificial worship on the temple mount before beginning major construction. Under Zerubbabel and the priest Jeshua, they rebuilt the altar on its original site to resume daily offerings and celebrate the Feast of Tabernacles before laying the temple foundation.Sources: the Bible text itself · Zerubbabel · Joshua
- To secure timber for the rebuilding effort, the community paid masons and carpenters, and sent food, drink, and oil to Tyre and Sidon to transport cedar logs from Lebanon by sea to the port of Joppa, as permitted by Cyrus, king of Persia.Sources: the Bible text itself · Lebanon · Joppa · Cyrus
- Laying the foundation of the house of the Lord triggered intense, mixed reactions. While many shouted joyfully to the accompaniment of trumpets and cymbals, older priests, Levites, and family heads who remembered the first temple wept aloud.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 8
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 7
- Joppa · Today: Jaffa · 32.054, 34.753 · verse 7
- Lebanon · 33.540, 35.584 · verse 7
- Persia · 34.806, 48.516 · verse 7
- Sidon · Today: Sandikli archaeological site in Sidon · 33.561, 35.372 · verse 7
- Tyre · 33.271, 35.196 · verse 7
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org