Nations Bible

Ezekiel 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Li te di mwen: “Fis a lòm, manje sa ou jwenn. Manje woulo sa a pou ale pale ak lakay Israël.”

2Konsa, mwen te louvri bouch mwen eLi te lonje ban m woulo a pou manje.

3Li te di mwen: “Fis a lòm, bay vant ou manje, e plen kò ou ak woulo sa ke Mwen ap bay ou a.”

Alò, mwen te manje li. Li te dous kon siwo myèl nan bouch mwen.

4Konsa, Li te di mwen: “Fis a lòm, ale lakay Israël pou pale pawòl Mwen yo avèk yo. 5Paske ou p ap voye kote yon pèp ak langaj ki difisil, men a pèp Israël la. 6Ni a anpil pèp ak pawòl ki pa ka konprann, ni lang difisil, ak pawòl ke ou p ap ka konprann. Men Mwen voye ou kote sila ki ta dwe koute ou yo. 7Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon. 8Gade byen, Mwen te fin fè figi ou di kont figi yo, e fwontèn ou di kont fwontèn yo. 9Tankou dyaman, pi di pase silèks, Mwen te fè fwontèn ou. Pa krent yo ni vin twouble devan yo, malgre yo se yon kay rebèl.”

10Anplis, Li te di mwen: “Fis a lòm, pran mete nan kè ou tout pawòl Mwen yo, ke Mwen va pale a ou e koute ak atansyon. 11Ale kote egzile yo, fis a pèp ou yo. Pale ak yo e di yo, menm si yo koute oswa yo pa koute: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’”

12Konsa, Lespri a te leve mwen monte e mwen te tande yon gwo bri k ap gwonde dèyè m: “Beni se glwa SENYÈ a nan plas Li a.” 13Epi mwen te tande zèl a kreyati vivan yo, youn k ap touche lòt e bri a wou yo bò kote yo, menm yon gwo bri k ap gwonde. 14Konsa, Lespri a te leve mwen monte e te pran m ale. Mwen te vini byen anmè ak laraj nan lespri m, e men SENYÈ a te fò sou mwen. 15Konsa, mwen te vini kote egzile ki te rete akote rivyè Kebar yo nan Thel-Abib. Mwen te chita la, etone nèt pandan sèt jou kote yo te rete a.

16Nan fen sèt jou yo, pawòl SENYÈ a te vini sou mwen e te di: 17“Fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Depi lè ou tande yon pawòl sòti nan bouch mwen, avèti yo li soti nan Mwen. 18Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou. 19Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”

20“Ankò, lè yon nonm ladwati ta vire kite ladwati pou komèt inikite e Mwen plase yon obstak devan l, li va mouri. Akoz ou pa t avèti li, li va mouri nan peche li e zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje, men san li, mwen va egzije li nan men ou. 21Sepandan, si ou te avèti nonm dwat la ke moun ladwati pa dwe peche, e li pa peche, li va anverite viv, akoz li te koute avètisman an; epi ou delivre nanm ou.”

22Men a SENYÈ a te sou mwen la, e Li te di m: “Leve ou menm, ale deyò nan plèn nan, epi la, Mwen va pale avèk ou.”

23Konsa, mwen te leve ale nan plèn nan. Epi gade byen, glwa a SENYÈ a te kanpe la, tankou glwa ke m te wè akote rivyè Kebar a. Epi mwen te tonbe sou figi m.

24Nan lè sa a, Lespri a te antre nan mwen. Li te fè m kanpe sou pye m, Li te pale avè m e te di mwen: “Ale, fèmen tèt ou anndan lakay ou. 25Selon ou menm, fis a lòm, y ap mete kòd sou ou pou mare ou ak yo. Konsa, ou p ap ka sòti deyò pami yo. 26Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwòch, paske lakay yo rebèl. 27Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Ezekiel's Commission and the Exiles at Tel-abib

  • Tel-abib, where Ezekiel lived among the Jewish captives, was a settlement located along the River Chebar in Babylonia. Many scholars identify the Chebar not as a natural river, but as a major Babylonian canal network, such as the royal canal connecting Mesopotamian waterways.Sources: Chebar · Tel-abib · the Bible text itself
  • In ancient cities, a watchman was stationed on defensive walls to scan the horizon and warn inhabitants of incoming danger. God adapted this role as a metaphor for Ezekiel's prophetic duty, holding him personally accountable if he failed to deliver the warning to the wicked.Sources: the Bible text itself
  • Before speaking to his fellow exiles, Ezekiel ate a scroll containing divine words, which tasted as sweet as honey, and sat overwhelmed among the captives for seven full days.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.