Ezekiel 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Li te di mwen: “Fis a lòm, kanpe sou pye ou pou m ka pale avèk ou!” 2Pandan Li t ap pale ak mwen an, Lespri a te antre nan mwen. Li te mete mwen sou pye mwen, epi mwen te tande Li pale ak mwen.
3Li te di m: “Fis a lòm, Mwen ap voye ou kote fis Israël yo, a yon pèp rebèl ki te fè rebèl kont Mwen. Yo menm ak papa zansèt yo te transgrese kont Mwen jis rive jodi a. 4M ap voye ou kote sila yo ki angran, ki gen tèt di. Ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a.’ 5Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo. 6Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye. 7Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye. 8Alò, ou menm, fis a lòm, koute sa ke M ap pale ou a. Pa vin fè rebèl tankou kay rebèl sila a. Ouvri bouch ou pou manje sa ke M ap bay ou a.”
9Konsa, mwen te gade e gade byen, yon men te lonje vè mwen menm. Epi alò, yon woulo liv te ladann. 10Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak mizè.

Did you know?
Ezekiel's Commission and the Written Scroll
- In this vision, Ezekiel is repeatedly addressed by the title 'son of man' and is empowered by the Spirit to stand and receive a divine commission to speak to the rebellious house of Israel.Sources: the Bible text itself
- Ezekiel's recorded prophetic ministry began in approximately 592 BC and extended over a period of about 23 years.Sources: Prophecies of Ezekiel
- The scroll presented to the prophet was written on both the front and the back, filled completely with words of lamentation, mourning, and woe.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org