Nations Bible

Ezekiel 18

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:

‘Papa yo manje rezen si yo,

epi dan timoun yo va kanpe apik’?

3“Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. 4Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye. Nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki peche a, se li k ap mouri.

5“Men si yon nonm dwat

e li aji ak jistis ak ladwati,

6pou l pa manje nan lotèl mòn yo,

ni leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—

7Si yon nonm pa oprime okenn moun,

men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,

epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou

e kouvri moun toutouni ak rad,

8si li pa prete moun lajan ak enterè, ni pran plis,

si li gade men l pou l pa fè inikite,

e egzekite yon vre jistis antre moun ak moun,

9si li mache nan règleman Mwen yo,

ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;

li se yon moun dwat,

e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.

10“Alò, li kapab gen yon fis ki volè, ki vèse san, e ki fè nenpòt nan bagay sa yo,

11o malgre li pa t fè okenn nan bagay sa yo,

men li konn manje kote lotèl mòn yo

e souye ak madanm a vwazen li,

12Oprime malere ak endijan,

te fè vòl desepsyon an,

pa remèt sa li pwomèt,

epi te leve zye li a zidòl,

te komèt abominasyon,

13te prete lajan sou enterè

pou l pran benefis sou malere;

èske l ap viv? Li p ap viv! Li te komèt tout abominasyon sila yo; anverite, li va mouri. San li va tonbe sou pwòp tèt li.

14“Alò, gade byen, si li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e lè l wè sa, li fè lakrent pou l pa fè menm jan.

15“Li pa manje nan lotèl mòn yo

ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,

ni souye ak madanm vwazen li,

16Ni oprime okenn moun,

ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè,

ni pa vòlè, men li bay pen li a moun grangou yo

e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,

17Li retire men li sou malere a,

li pa egzije enterè, ni pwofi,

men li fè règleman Mwen yo

e mache nan lòd mwen yo;

li p ap mouri pou inikite a papa li. Anverite, li va viv. 18Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.

19“Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo, anverite, li va viv. 20Moun ki fè peche a va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la. Ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.

21“Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”

24“Men, lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la. Nan peche li ke li te peche a, li va mouri.

25“Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske wout Mwen an pa dwat? Èske chemen Mwen pa nivo? Èske se pa chemen pa nou an ki pa nivo? 26Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li mouri nan inikite li te fè a. 27Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. 28Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. 29Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

30“Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Individual Responsibility and Repentance

  • The popular proverb about fathers eating sour grapes and children's teeth being set on edge expressed a fatalistic belief that the current generation was being punished solely for the sins of their ancestors. The chapter firmly rejects this proverb, establishing the principle that each individual is held accountable for their own moral choices.Sources: the Bible text itself
  • To illustrate individual responsibility, the text examines three successive generations: a righteous father, a violent son, and a moral grandson. It emphasizes that righteousness and guilt are not inherited, and that even a wicked person who repents will live, because God takes no pleasure in anyone's death.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.