Ephesians 6
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
4Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
5Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.
9Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.
10Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.
21Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. 22Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab rekonfòte kè nou.
23Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. 24Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.

Did you know?
Household duties, God's armor, and Tychicus
- This chapter presents the command to honor one's father and mother as the first commandment with a promise: that it may go well with you and that you may have a long life on the earth. It also tells fathers not to provoke their children to wrath, but to bring them up in the discipline and instruction of the Lord.Sources: the Bible text itself
- The chapter says the struggle is not against flesh and blood, but against rulers, authorities, the powers of this world's darkness, and spiritual forces of evil in the heavenly realms. Readers are urged to take up the full armor of God—a belt of truth, a breastplate of righteousness, feet fitted with the readiness of the gospel of peace, a shield of faith, a helmet of salvation, and the sword of the Spirit, which is the word of God—so they can stand when the day of evil comes.Sources: the Bible text itself
- The writer asks for prayer to proclaim the gospel fearlessly as an ambassador in chains, and sends Tychicus, the beloved brother and faithful servant in the Lord, to tell the readers how he is and to encourage them. Tychicus is described as an Asiatic Christian who, with Trophimus, accompanied Paul on part of the journey from Macedonia to Jerusalem and was with Paul at Rome, from where he was sent to Ephesus, probably to build up and encourage the church.Sources: the Bible text itself · Tychicus
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org