Ephesians 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3Men ni imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7Konsa, pa vin yon pati ak yo. 8Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9Paske fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi. 11Pa patisipe nan zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans ekspoze yo. 12Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14Pou rezon sa a Li di:
“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
15Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21avèk soumisyon youn lòt nan lakrent Kris la.
22Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23Paske mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30Paske nou se manm a kò Li. 31“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

Did you know?
Love, light, and the household
- Ephesians 5 opens by calling readers to imitate God as beloved children and to walk in love, just as Christ loved them and gave himself up for them as a fragrant sacrificial offering to God.Sources: the Bible text itself
- The chapter says its readers were once darkness but are now light in the Lord, and that the fruit of the light is all goodness, righteousness, and truth. It also cites a saying that calls the sleeper to wake and rise from the dead, promising that Christ will shine on that person.Sources: the Bible text itself
- A call to submit to one another out of reverence for Christ introduces the instructions for wives and husbands. Husbands are told to love their wives as Christ loved the church and gave himself up for her, and the chapter calls the union of husband and wife a profound mystery concerning Christ and the church.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org