Nations Bible

Deuteronomy 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou. 2Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo.

3“Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou. 4Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.

5“Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a. 6Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’ 7Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li? 8Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?

9“Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’

11“Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa. 12Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa. 13Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch. 14SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.

15“Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a, 16pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl, 17sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè, 18ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a. 19Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la. 20Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.

21“Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an. 22Paske mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a bon peyi sila a. 23Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an. 24Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.

25“Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè, 26Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt. 27SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo. 28La, nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen. 29Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou. 30Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li. 31Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm. 32Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa? 33Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la? 34Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou? 35A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm. 36Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a. 37Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li, 38epi te pouse devan nou tout nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou menm yo, pou mennen nou antre pou bannou tèren pa yo kòm eritaj, jan li ye nan jodi a. 39Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt. 40Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”

41Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès, 42pou yon moun ki touye yon moun ta kapab sove ale, ki te san entansyon touye vwazen li san ke li pa t gen rayisman anvè li nan tan pase yo; pou li ta kab sove ale nan youn nan vil sa yo: 43Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo. 44Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo; 45sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte, 46anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor la, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la. 47Yo te pran posesyon a tèren pa li an avèk tèren Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès, 48soti nan Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan Mòn Sion (sa vle di Hermon), 49avèk tout Araba anfas Jourdain an vè lès, jis rive nan lanmè Araba, nan pye pant mòn Pisga a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Call to Obedience and the Cities of Refuge

  • Moses reminded Israel that at Mount Horeb they heard God's voice from the fire but saw no visible form. This absence of a physical appearance served as the primary foundation for the strict prohibition against making any carved image or idol of God.Sources: the Bible text itself · Horeb
  • The text cites the incident at Baal-peor, where Israelites who followed the Moabite deity were destroyed. Moses pointed out that those who remained faithful survived, using this recent event as a clear warning against idolatry.Sources: the Bible text itself · Baal · Baal-peor
  • After defeating the Amorite kings Sihon and Og, Moses designated three cities of refuge east of the Jordan: Bezer, Ramoth, and Golan. These locations provided asylum for individuals who caused an unintentional, non-malicious death.Sources: the Bible text itself · Sihon · Og · Golan

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Peor · Today: within 1 km of Khirbet Ayun Musa · 31.777, 35.738 · verse 3
  • Mount Horeb · Today: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · verses 10, 15
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 14, 21, 22, 26, 41, 46, 47, 49
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 20, 34, 37, 45, 46
  • Bashan · 32.781, 35.935 · verses 43, 47
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 43
  • Ramoth · Today: Tall er Rumeith · 32.500, 36.015 · verse 43
  • Mount Hermon · 33.400, 35.850 · verse 48
  • Valley of the Arnon · Today: Wadi Mujib · 31.466, 35.573 · verse 48
  • Arabah · 30.417, 35.151 · verse 49
  • Salt Sea · Today: Dead Sea · 31.500, 35.500 · verse 49

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.