Nations Bible

Deuteronomy 12

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Sa yo se lwa avèk jijman ke nou va swiv avèk atansyon nan peyi ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou pou posede pandan tout tan ke n ap viv sou tè a.

2“Nou va detwi nèt tout kote ke nasyon yo mete dye pa yo pou sèvi yo; sou mòn wo yo, sou ti mòn yo ak anba tout pyebwa yo. 3Nou va chire lotèl yo, e kraze pilye sakre yo, e brile poto Asherim nan avèk dife. Nou va koupe imaj taye a dye pa yo, e nou va fè disparèt tout tras non yo nan kote sila yo.

4“Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an. 5Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout tribi nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini. 6La, nou va mennen ofrann brile nou yo, sakrifis nou yo, dim nou yo, don ki sòti nan men nou yo, ofrann ve yo, ofrann bòn volonte yo, avèk premye ne nan twoupo nou yo ak nan bann mouton nou yo. 7La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.

8“Nou p ap fè menm sa ke n ap fè isit la jodi a, konsi tout moun ap fè sa ki bon nan pwòp zye li; 9paske nou poko rive nan plas repo ak eritaj ke SENYÈ a ap bannou an.

10“Lè nou travèse Jourdain an pou viv nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la; epi Li bannou repo sou tout lènmi ki antoure nou yo pou nou viv ansekirite, 11alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.

12“Epi nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nou menm avèk fis ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo ak Levit ki anndan pòtay nou yo, akoz ke li pa gen pati ni eritaj pami nou. 13Fè atansyon pou nou pa ofri ofrann brile tout kote ke nou wè, 14men kote ke SENYÈ a chwazi nan youn nan tribi nou yo. La, nou va ofri ofrann brile yo, e la, nou va fè tout sa ke mwen kòmande nou yo.

15“Malgre sa, nou gen dwa touye e manje vyann anndan nenpòt nan pòtay nou yo, nenpòt sa ke nou dezire, selon benediksyon SENYÈ a, Bondye nou an, sa ke Li te bannou. Sila ki pa pwòp, ak sila ki pwòp kapab manje ladann, tankou antilòp la ak sèf la. 16Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.

17“Nou pa gen dwa manje anndan pòtay nou yo ofrann dim ki sòti nan sereyal yo, ni premye ne nan twoupo ak nan bann mouton nou yo, ni okenn nan ofrann ve yo, ni ofrann bòn volonte nou yo, ni don ki sòti nan men nou yo. 18Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann. 19Fè atansyon pou nou pa abandone Levit la pandan tout tan ke nou rete nan Peyi a.

20“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, vin fè lizyè nou grandi, jan Li te pwomèt nou an, e nou va di: ‘Mwen va manje vyann,’ akoz ke nou vle manje vyann, nou kapab manje vyann, nenpòt sa ke nou pito. 21Si kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi pou mete non Li an, twò lwen nou, alò, nou kapab touye nan twoupo nou ak bann mouton nou ke SENYÈ a te bannou yo, jan mwen te kòmande nou an. Konsa, nou kapab manje anndan pòtay nou yo nenpòt sa nou pito. 22Menm jan ke yon antilòp oswa yon sèf konn sèvi pou manje; konsa, nou va manje li. Moun ki pwòp ni sila ki pa pwòp kapab manje ladann.

23“Sèlman, fè sèten ke nou pa bwè san an, paske san an se lavi, e nou p ap bwè lavi avèk chè a. 24Nou p ap bwè li. Nou va vide li atè tankou dlo. 25Nou p ap bwè li jis pou sa kab ale byen pou nou avèk pitit apre nou yo; paske nou ap fè sa ki bon nan zye SENYÈ a.

26“Se sèlman bagay ki sen ke nou kapab genyen, ak ofrann ve nou yo, nou va pran pou ale kote ke SENYÈ a chwazi a. 27Konsa, nou va ofri ofrann brile yo, chè a avèk san an sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an. San sakrifis nou yo va vide sou lotèl la bay SENYÈ a, Bondye nou an, epi nou va manje chè a.

28“Fè atansyon pou koute tout pawòl sila yo ke mwen kòmande nou, jis pou sa kapab ale byen pou nou ak fis apre nou yo pou tout tan, akoz nou fè sa ki bon e jis nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an.

29“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire devan nou nasyon ke n ap antre deplase yo, epi nou deplase yo e rete nan peyi pa yo, 30veye ke nou pa antre nan pèlen e swiv yo lè yo fin detwi devan nou; epi ke nou pa chache a dye pa yo, e mande: ‘Kijan nasyon sa yo sèvi dye pa yo? Konsa, mwen va fè menm jan an?’ 31Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.

32“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Single Sanctuary and Rules for Food

  • Unlike the surrounding nations who worshipped on high mountains, hills, and under green trees, Israel was commanded to bring all sacrifices, vows, and tithes exclusively to a single place that God would choose among their tribes.Sources: the Bible text itself
  • The law distinguished between sacred offerings, which had to be eaten at the chosen sanctuary, and ordinary meat for meals, which could be slaughtered and eaten at home. Even in non-sacrificial meals, consuming blood was strictly forbidden because blood was identified with life, requiring it to be poured out on the ground like water.Sources: the Bible text itself
  • Israel was instructed to obliterate all Canaanite altars, pillars, and Asherah poles to prevent syncretism. The text specifically warns against adopting pagan rituals, highlighting extreme practices such as sacrificing sons and daughters in the fire to foreign deities.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 10

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.