Amos 9
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. 2Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. 3Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo. 4Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. 5Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. 6Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li. 7Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? 8Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. 9“Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. 10Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ 11Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 12pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
13“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
lè mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
15Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.

Did you know?
Judgment and Future Restoration
- Amos 9:7 compares Israel's exodus from Egypt to God guiding the origins and movements of other peoples, mentioning the Philistines from Caphtor and the Arameans from Kir. Many scholars identify Caphtor with Crete, while Kir was a known destination of Aramean exile.Sources: the Bible text itself · Caphtor · Kir
- The prophecy in Amos 9:11-12 speaks of restoring the fallen shelter or tent of David and possessing the remnant of Edom. Edom, the rugged, mountainous land associated with Jacob's brother Esau, had a long history of conflict with Israel.Sources: the Bible text itself · Esau (Edom) · Edom
- The chapter concludes with a vision of extraordinary agricultural abundance, where the plowman overtakes the reaper and hills drip with sweet wine. This imagery depicts a restored remnant rebuilding ruined cities, replanting vineyards, and living securely in their land.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Carmel · 32.672, 35.023 · verse 3
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 5, 7
- Nile · Today: Nile River · 31.465, 30.367 · verse 5
- Ethiopia · 16.935, 33.751 · verse 7
- Edom · 30.746, 35.604 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org