Nations Bible

Acts 6

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

2Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

5Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. 6Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.

7Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.

8Epi Étienne, ranpli avèk gras ak pouvwa, te fè mèvèy ak mirak pami pèp la.

9Men kèk moun ki te sòti nan sa ke yo te rele Sinagòg Dèzòm Lib, ki te gen moun Sireneyen ak moun Alexandryen yo, e kèk moun Cilicie ak Asie, te leve pou diskite avèk Étienne. 10Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.

11Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.

12Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. 13Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa. 14Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”

15Konsa, yo tout nan konsèy la te fikse zye yo sou li, e yo te wè figi li tankou figi a yon zanj.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Seven and the Trial of Stephen

  • Tension arose between Greek-speaking and Hebraic Jews over the daily distribution of food to widows, prompting the apostles to appoint seven respected men to oversee the task. Notably, all seven men named—including Nicolas, a proselyte from Antioch—carried Greek names.Sources: the Bible text itself · Nicolas
  • Jews from across the Roman world had their own community synagogues in Jerusalem, such as the Synagogue of the Freedmen and gatherings for people from Cyrene, Alexandria, Cilicia, and the province of Asia. Members of these regional groups were the first to formally debate Stephen regarding his teachings.Sources: the Bible text itself · Cilicia · Asia
  • When opponents failed to refute Stephen's arguments, they brought him before the Sanhedrin under charges of speaking against the temple and the law of Moses. As the council members examined him during these accusations, they observed that his face appeared like that of an angel.Sources: the Bible text itself · Stephen

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Antioch · Today: Antioch on the Orontes · 36.227, 36.172 · verse 5
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 7
  • Alexandria · 31.183, 29.896 · verse 9
  • Asia · 38.400, 28.300 · verse 9
  • Cilicia · 36.913, 34.892 · verse 9
  • Cyrene · 32.821, 21.851 · verse 9
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.