Nations Bible

2 John 1

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

About this book

About 2 John

  • The Second Epistle of John is addressed to “the elect lady,” though some would read “lady” as the proper name Kyria.Sources: Easton: John, Second Epistle of
  • It closes with a greeting from the children of her elect sister.Sources: Easton: John, Second Epistle of
  • Of the thirteen verses that make up the epistle, seven also appear in the First Epistle.Sources: Easton: John, Second Epistle of
  • The person addressed is commended for her piety and warned against false teachers.Sources: Easton: John, Second Epistle of

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

1Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo, 2pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va avèk nou jis pou tout tan: 3Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lanmou.

4Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.

5Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. 6Men sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.

7Paske anpil sediktè gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.

8Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.

9Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.

10Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, 11paske sila ki salye li a patisipe nan zak malveyan li yo.

12Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.

13Pitit a sè chwazi yo salye nou. Amen

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Truth, love, and deceivers

  • The letter opens from someone who identifies himself only as the elder, to the chosen lady and her children, whom he loves in the truth—and not he alone, but also all who know the truth—because of the truth that abides in him and in them and will be with them forever. It closes with greetings from the children of her elect sister.Sources: the Bible text itself
  • The elder rejoices to find some of the lady’s children walking in the truth, just as the Father has commanded. He urges her that they love one another—not as a new commandment to her, but one they have had from the beginning—and says that this love is walking according to his commandments.Sources: the Bible text itself
  • He warns that many deceivers have gone out into the world, refusing to confess the coming of Jesus Christ in the flesh, and he calls any such person the deceiver and the antichrist. He tells the lady not to receive such a person into her home or even greet him, because whoever greets him shares in his evil deeds.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.