Nations Bible

1 John 5

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

2Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

4Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. 5Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?

6Se Sila ki vini pa dlo ak san an, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwayaj la, akoz se Lespri a ki verite. 7Paske gen twa ki bay temwayaj; 8Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo an akò kon yon sèl.

9Si nou resevwa temwayaj a lòm, temwayaj Bondye a pi gran. Paske temwayaj Bondye a se sa; ke Li te pote temwayaj konsènan Fis Li a. 10Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwayaj nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye a te fè L vin yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwayaj ke Bondye pote konsènan Fis Li a.

11Temwayaj la se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl la, epi lavi sila se nan Fis Li a. 12Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.

13Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.

14Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.

16Si nenpòt moun wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.

18Nou konnen ke okenn moun ki ne a Bondye pa fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.

19Nou konnen ke nou menm nou se a Bondye, epi tout lemonn rete nan pwisans a mechan an.

20Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè a. Konsa, nou nan Li ki se vrè a, nan Fis Li a , Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.

21Timoun yo, veye nou kont zidòl yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Faith, Testimony, and Life

  • This chapter says that everyone who believes Jesus is the Christ has been born of God, and that loving the Father also means loving those born of him. It describes love for God as keeping his commandments, which are not burdensome, because everyone born of God overcomes the world, and it calls that victory faith in Jesus as the Son of God.Sources: the Bible text itself
  • Jesus Christ is said to have come by water and blood, not by water alone, and the Spirit is said to testify to this because the Spirit is the truth; the chapter does not explain here what the water and the blood are. It names the Spirit, the water, and the blood as three that testify in agreement, and calls God’s testimony about his Son greater than human testimony: God has given us eternal life, and this life is in his Son. The writer says he wrote these things so that those who believe in the name of the Son of God may know that they have eternal life.Sources: the Bible text itself
  • Readers are told to ask God for a brother who commits a sin that does not lead to death, while the writer says he is not telling them to ask about a sin that does lead to death. He does not name either sin, though he says that all unrighteousness is sin and that there is sin that does not lead to death. The chapter ends by telling little children to keep themselves from idols.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.