Nations Bible

2 Chronicles 31

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.

2Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a. 3Li te etabli osi pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. 4Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a lalwa SENYÈ a. 5Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan tout bagay. 6Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.

7Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. 8Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk pèp Israël Li a. 9Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. 10Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”

11Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. 12Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan. 13Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a. 14Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo. 15Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran, 16anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo; 17ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo. 18Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete. 19Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan tèren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.

20Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a. 21Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te byen reyisi.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Hezekiah Organizes the Priests and Offerings

  • Following the celebration, the Israelites destroyed idolatrous shrines across Judah, Benjamin, Ephraim, and Manasseh. King Hezekiah then reorganized the priests and Levites into their divisions, contributed from his personal wealth for the regular burnt offerings, and instructed the people to provide tithes so the ministers could devote themselves to the Law of the LORD.Sources: the Bible text itself · Hezekiah
  • The people brought such generous tithes and firstfruits of grain, new wine, oil, honey, and livestock that massive heaps accumulated between the third and seventh months. Azariah, the chief priest from the household of Zadok, reported that there was an abundance left over, prompting Hezekiah to order the preparation of storerooms in the temple.Sources: the Bible text itself · Azariah · Zadok
  • Officials including the Levites Conaniah, his brother Shimei, and Kore, the keeper of the East Gate, were appointed to manage and distribute the contributions faithfully. Portions were supplied not only to the temple ministers in Jerusalem, but also to priests, Levites, and their families in surrounding cities according to their registered genealogies.Sources: the Bible text itself · Cononiah · Shimei

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 4
  • East Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.