Nations Bible

2 Chronicles 30

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. 2Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. 3Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. 4Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. 5Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a.

6Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. 7Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. 8Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. 9Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

10Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. 11Sepandan, kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. 12Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.

13Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. 14Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. 15Epi yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. 16Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. 17Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. 18Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, sepandan yo te manje Pak la yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone 19tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”

20Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te geri pèp la. 21Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. 22Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.

23Anfen, tout asanble a te deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. 24Paske Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. 25Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. 26Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. 27Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan lye sen Li an, menm nan syèl la.

Did you know?

Hezekiah’s Passover Celebration

  • Hezekiah and the assembly in Jerusalem postponed the Passover to the second month because an insufficient number of priests had consecrated themselves in time and the people were not yet gathered.Sources: the Bible text itself · Hezekiah
  • The king sent couriers with letters across the land from Beersheba to Dan, inviting survivors of the Assyrian invasions from northern tribes like Ephraim, Manasseh, and Asher to worship together in Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Beersheba · Assyria
  • When many northern visitors ate the Passover meal without undergoing the ritual purification required by the Law of Moses, Hezekiah prayed that God would pardon everyone whose heart sincerely sought Him, and the Lord healed the people.Sources: the Bible text itself · Moses

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 3, 5, 11, 13, 14, 21, 26
  • Dan · Today: Tel Dan · 33.249, 35.652 · verse 5
  • Assyria · 36.359, 43.153 · verse 6
  • Kidron · Today: Kidron River · 31.780, 35.240 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.