Nations Bible

1 Samuel 7

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. 2Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a. 3Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: “Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.” 4Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. 5Alò, Samuel te di: “Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” 6Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.

7Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. 8Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: “Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” 9Samuel te pran yon ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. 10Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. 11Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.

12Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.” 13Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.

14Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte tèritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak Amoreyen yo.

15Alò, Samuel te jije Israël pandan tout jou lavi li yo. 16Li te konn ale chak ane fè yon tou Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. 17Alò vwayaj retou li sete nan Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Repentance and Deliverance at Mizpah

  • Mizpah, meaning watch-tower, was situated on a high hill in the territory of Benjamin and served as a traditional gathering place for Israel in times of national crisis.Sources: Mizpah · the Bible text itself
  • After being returned by the Philistines, the ark of the Lord was kept for twenty years at Kiriath-jearim in the hill house of Abinadab, whose son Eleazar was consecrated to guard it.Sources: Abinadab · Eleazar · the Bible text itself
  • Samuel commemorated the victory over the Philistines by setting up a memorial stone named Ebenezer, meaning stone of help, between Mizpah and Shen.Sources: Ebenezer · Shen · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verses 1, 2
  • Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.