Nations Bible

1 Samuel 6

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, lach SENYÈ a te nan peyi Filisten yo pandan sèt mwa. 2Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”

3Yo te di: “Si ou voye lach Bondye Israël la ale, pa voye li vid, men ou va anverite, remèt Li yon ofrann koupab. Konsa nou va geri e li va vin konprann poukisa men L poko retire sou nou.”

4Yo te reponn: “Kisa nou dwe voye kòm ofrann koupab pou remèt Li a?”

Epi yo te di: “Senk imaj boul bouton fèt an lò avèk senk imaj sourit fèt an lò nan non prens Filisten yo. Paske se te yon sèl fleyo ki te vini sou nou tout ak sou prens nou yo. 5Konsa nou va fè yo sanblab a boul bouton nou yo, e sanblab a sourit ki anvayi peyi nou an, epi nou va bay glwa a Bondye Israël la. Petèt Li kab lache men l sou nou. 6Poukisa nou fè kè di tankou Ejipsyen yo avèk Farawon te fè kè yo di a? Lè li te fin aji sevèman avèk yo, èske li pa t kite pèp la ale e yo te ale?

7“Pou sa, ale fè yon kabwèt nèf avèk de vach nouris ki pa t janm rale chaj. Fè vach yo rale chaj sou kabwèt la e retire ti bèf yo mennen yo lakay, lwen yo. 8Pran lach SENYÈ a e mete li sou kabwèt la, epi mete bagay an lò ke nou ap retounen bay kòm ofrann koupab la nan yon bwat akote li. Alò, voye li ale pou li kapab ale. 9Veye, si li monte pa chemen Béth-Schémesch. Konsa n a konnen se Li menm ki fè nou gwo malè sila a. Men si se pa konsa; alò, nou va konnen ke se pa men Li menm ki te frape nou an, men sa te vin rive pa aza.”

10Se konsa mesye yo te fè. Yo te pran de vach nouris, yo te fè yo rale chaj nan kabwèt la e te fèmen ti bèf yo lakay. 11Yo te mete lach SENYÈ a sou kabwèt la e bwat la avèk sourit an lò ak imaj gwo boul bouton yo. 12Epi vach yo te pran wout dwat nan direksyon Beth-Schémesch. Yo te fè wout nan gran chemen an. Yo te rele fò pandan yo nan wout la, e yo pa t vire akote ni adwat, ni agoch. Prens Filisten yo te swiv yo jis rive nan lizyè Beth-Schémesch la. 13Alò, Beth-Schémesch t ap fè rekòlt ble pa yo nan vale a. Yo te leve zye yo, yo te wè lach la, e yo te kontan wè li. 14Kabwèt la te vini nan chan Josué a, moun Beth-Schémech, e li te kanpe la kote ki te gen yon gwo wòch. Konsa, yo te fann bwa kabwèt la e yo te ofri vach yo kòm ofrann brile a SENYÈ a. 15Levit yo te desann lach SENYÈ a ak bwat ki te avèk li a. Andedan te gen tout bagay an lò yo e yo te mete yo sou gwo wòch la. Epi mesye Beth-Schémech yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis nan jou sa a bay SENYÈ a. 16Lè senk prens Filisten yo te fin wè li, yo te retounen Ékron menm jou a. 17Sa yo se imaj gwo boul bouton an lò ke Filisten yo te remèt kòm yon ofrann koupab bay SENYÈ a: youn pou Asdod, youn pou Gaza, youn pou Askalon, youn pou Gath e youn pou Ékron; 18anplis ak sourit an lò yo, selon kantite a tout vil Filisten ki te pou senk prens yo, vil fòtifye yo ak bouk andeyò yo. Gwo wòch kote yo te mete lach SENYÈ a se yon temwen jis rive jodi a nan chan Josué a, moun Beth-Schémech la. 19Li te frape e fè mouri kèk mesye Beth-Schémech akoz yo te gade anndan lach SENYÈ a. Li te frape pami tout pèp la, senkant-mil-swasann-dis òm e pèp la te vin dezole akoz SENYÈ a te frape yo avèk yon gwo masak. 20Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”

21Konsa, yo te voye mesaje yo vè moun Kirjath-Jearim yo e te di: “Filisten yo te pote lach SENYÈ a retounen. Vin desann pran li monte kote nou an.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Return of the Ark

  • The Philistine leaders represented a confederation of five major cities: Ashdod, Gaza, Ashkelon, Gath, and Ekron. To seek relief from the plagues that struck their people, their priests and diviners advised sending a guilt offering of five gold tumors and gold rats corresponding to the five rulers and their territories.Sources: the Bible text itself · Ashdod · Gaza · Ashkelon
  • Beth-shemesh was a sacerdotal (priestly) town on the northern border of Judah. This priestly status explains the presence of Levites who could properly take down the Ark and set it on the large stone in the field during the wheat harvest.Sources: the Bible text itself · Beth-shemesh
  • To test whether their troubles were genuinely from Israel's God or simply happened by chance, the Philistines hitched two nursing cows that had never been yoked to the cart and penned up their calves. Contrary to natural maternal instinct, the cows went straight along the road to Beth-shemesh without turning aside.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verses 16, 17
  • Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 17
  • Ashkelon · Today: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · verse 17
  • Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 17
  • Kiriath-jearim · Today: Deir el Azar · 31.809, 35.104 · verse 21

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.