1 Kings 19
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, Achab te di Jizréel tout sa ke Élie te fè ak jan li te touye tout pwofèt yo avèk nepe. 2Epi Jizréel te voye yon mesaje kote Élie. Li te di: “Konsa ke dye yo fè m sa e menm plis si mwen pa fè lavi ou tankou youn nan sa yo avan demen vè menm lè sa a.”
3Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. 4Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
5Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
6Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
8Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a. 9Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
10Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
11Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”
Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a. 12Apre van an yon dife, men SENYÈ a pa t nan dife a. Epi apre dife a, yon ti bwi tankou yon souf lejè. 13Lè Élie te tande l, li te fin vlope figi li nan manto li a e li te ale deyò nan antre kav la. Epi vwala, yon vwa te parèt a li menm e te di: “Kisa w ap fè isit la, Élie?” 14Epi li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, paske fis Israël yo te abandone akò Ou a, dechire lotèl Ou yo e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete; epi y ap chache lavi mwen pou pran l.”
15SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie; 16epi Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath la nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou. 17Li va vin rive ke sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò. 18Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”
19Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete manto li sou li. 20Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li:
“Ale, retounen, paske kisa ke m te fè ou?” 21Konsa, li te retounen soti swiv li, li te pran pè bèf la e li te fè sakrifis avèk yo, li te bouyi chè avèk dife fèt ak zouti bèf e li te bay a pèp la pou yo te manje. Epi li te leve, li te swiv Élie pou te sèvi li.

Did you know?
Elijah at Mount Horeb and the Call of Elisha
- Mount Horeb, also identified in biblical tradition with Mount Sinai, was the mountain range where Israel had received the covenant and the law. Elijah's forty-day journey south to Horeb places his encounter with God in the exact setting of Moses' earlier revelations.Sources: the Bible text itself · Horeb
- When God commands Elijah to anoint Hazael as king of Syria and Jehu as king of Israel, the narrative connects prophetic authority to geopolitical succession in both nations, while assuring Elijah that seven thousand faithful Israelites remained.Sources: the Bible text itself · Hazael · Jehu
- Casting a cloak over Elisha's shoulders while he plowed with twelve yoke of oxen at Abel-meholah was a symbolic act that marked Elisha as Elijah's disciple, adoptive heir, and prophetic successor.Sources: the Bible text itself · Elisha · Abel-meholah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Horeb · Today: Jebel Musa · 28.540, 33.973 · verse 8
- Damascus · 33.511, 36.306 · verse 15
- Syria · Today: Aram · 33.511, 36.306 · verse 15
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org