Nations Bible

Zephaniah 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile byen, 2anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Seyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Seyè a rive sou nou. 3Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li. 4p'ap rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo. 5Madichon pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Seyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a. 6Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje. 7Ti ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, y'av al dòmi nan kay lavil Askalon yo. Seyè a, Bondye yo a, va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò. 8Seyè a di ankò! -Mwen te tande jan moun peyi Moab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. 9Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo. 10Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo. 11Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo. 12Nou menm tou, moun peyi Letiopi yo, Seyè a ap touye nou nan lagè! 13Seyè a va leve men l' bò nan nò, l'ap detwi peyi Lasiri. L'ap fè lavil Niniv tounen yon savann, yon tè sèk tankou dezè. 14Se la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay yo. Koukou ak zagoudi pral fè nich yo nan mitan moso demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaou va rele nan papòt kay yo. Y'ap rache tout bwa sèd nan chapant kay yo. 15Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Judgments on the Surrounding Nations

  • Zephaniah lists four of the five major Philistine cities—Gaza, Ashkelon, Ashdod, and Ekron—situated along the Mediterranean coast. He prophesies that their bustling maritime settlements will become quiet pastures and sheepfolds for the surviving remnant of Judah.Sources: the Bible text itself · Gaza · Ashkelon · Ekron
  • The chapter pronounces judgment in every direction around Judah: the Philistines to the west, Moab and Ammon to the east of the Jordan, Cush to the south, and Assyria to the north. Moab, located east of the Dead Sea, is warned that its pride and taunts will turn its territory into a wasteland of salt pits and weeds.Sources: the Bible text itself · Moab
  • Zephaniah portrays the proud Assyrian capital of Nineveh as a future ruin where wild creatures roam and owls roost atop the pillars of its exposed cedar buildings.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Ashdod · Today: Tel Ashdod · 31.757, 34.658 · verse 4
  • Ashkelon · Today: Tel Ashkelon · 31.664, 34.546 · verses 4, 7
  • Ekron · Today: Tel Miqne · 31.777, 34.852 · verse 4
  • Gaza · Today: Tell Harube · 31.504, 34.464 · verse 4
  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 5
  • Crete · 35.310, 24.893 · verse 5
  • Ammon · 31.955, 35.934 · verses 8, 9
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 8, 9
  • Assyria · 36.359, 43.153 · verse 13
  • Nineveh · 36.359, 43.153 · verse 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.