Zechariah 13
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lè sa a, yon sous dlo va pete pou lave moun fanmi David yo ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou wete peche yo, pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye ankò. Se Seyè a menm ki di sa. 2Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl. 3Konsa, si yon moun vle pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, papa l' ak manman l' ki fè l' va di se pou l' mouri, paske li pran pòz se mesaj ki soti nan Bondye, Seyè a, l'ap bay, epi se pa vre, se manti l'ap bay. Pandan l'ap bay mesaj la, papa l' ak manman l' ki fè l' la va pèse l'. 4Lè sa a, pwofèt yo pral wont lè y'a fè yon vizyon. Yo p'ap mete rad fèt ak twal yo te konn gen sou yo. Yo p'ap ka bay manti ankò. 5Men, tout moun va di: Se pa pwofèt mwen ye. Mwen se yon senp abitan. Depi m' piti se latè m'ap travay. 6Si yon moun mande l': Pouki tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m'. 7Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo. 8Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete. 9Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m', m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m' yo ye. Y'a di se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo.

Did you know?
Cleansing the Land and Refining the Remnant
- Zechariah foretells an opened fountain to cleanse the house of David and the inhabitants of Jerusalem from sin and impurity, alongside the complete removal of idols and deceptive spirits from the land.Sources: the Bible text itself · David · Jerusalem
- The passage describes false prophets becoming so disgraced that they will discard their traditional hairy mantles and claim to be ordinary field laborers to avoid being recognized.Sources: the Bible text itself
- The chapter depicts a shepherd being struck with a sword and the flock scattering, after which a remaining third of the people is refined through trial like silver and gold.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 1
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org