Nations Bible

Zechariah 12

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi. 2Mwen pral fè lavil Jerizalèm fè moun lòt nasyon ki bò kote l' yo pèdi tèt yo, tankou moun ki sou. Lè y'a sènen lavil Jerizalèm, yo pral sènen lavil ki nan rès peyi Jida yo tou. 3Lè sa a, m'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon gwo wòch lou kou pwa senkant. Tout nasyon ki va chache leve l' va foule anba l'. Tout moun sou latè pral mete ansanm pou yo atake l'. 4Jou sa a atò, m'ap fè tout chwal yo lonbraje, m'ap fè kavalye yo depale. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap veye pèp Jida a pou anyen pa rive yo. Men, m'ap fè tout chwal lènmi l' yo vin avèg. 5Lè sa a, moun fanmi Jida yo va di nan kè yo se Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a, ki tout fòs moun ki rete lavil Jerizalèm yo. 6Lè sa a, m'ap fè moun fanmi Jida yo tounen tankou yon boukan dife nan mitan yon rakbwa, osinon y'ap tankou bwa chandèl limen nan mitan pay chèch. L'ap devore tout peyi ki toupre l' yo, sou bò gòch ak sou bò dwat. Men, moun lavil Jerizalèm yo ap rete nan plas yo. 7Premye moun Seyè a ap delivre, se va moun Jida yo. Konsa, lwanj y'a fè pou pitit pitit David yo ak pou pèp Jerizalèm lan p'ap pi gwo pase lwanj y'ap fè pou rès moun Jida yo. 8Lè sa a, Seyè a va louvri zèl li pou l' pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Seyè a. 9Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm. 10M'a fè pitit pitit David yo ak moun lavil Jerizalèm yo gen bon kè. M'a fè yo konn lapriyè nan pye m'. Y'a leve je yo gade m', y'a wè moun yo te pèse a. Y'a nan gwo lapenn pou li tankou moun ki pèdi sèl pitit li te genyen an. Y'a pete rele tankou moun ki pèdi premye pitit gason yo. 11Lè sa a, rèl ap pete lavil Jerizalèm tankou lè rèl te pete pou Adad-Rimòn nan plenn Megidon an. 12Nan peyi a, chak fanmi va mete tèt yo ansanm pou yo rele pou kont yo, gason nan fanmi David yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Natan yo yon bò, medam yo yon lòt bò, 13gason nan fanmi Levi yo yon bò, medam yo yon lòt bò, gason nan fanmi Chimèy yo yon bò, medam yo yon lòt bò. 14Tout rès fanmi yo va kenbe rèl la tou, gason yo yon bò, medam yo yon lòt bò, chak fanmi bò pa yo.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Deliverance and Mourning in Jerusalem

  • The reference to mourning at Hadad-rimmon in the plain of Megiddo recalls the national grief over King Josiah, who was mortally wounded near that location. Megiddo's broad valley was a strategic corridor and a frequent battlefield in ancient times.Sources: Hadad-rimmon · Megiddo · the Bible text itself
  • The prophecy lists specific families in separate mourning, including the royal lineages of David and his son Nathan, as well as the priestly house of Levi. This emphasizes that profound grief and personal contemplation would encompass all strata of society, from leaders to individual households.Sources: David · Nathan · Levi (patriarch) · the Bible text itself
  • Jerusalem is described through vivid imagery, such as a heavy, immovable stone that injures anyone attempting to lift it, and a cup that intoxicates attacking armies. These metaphors underscore divine defense of the city against invading nations.Sources: Jerusalem · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 3, 5, 6, 7, 8, 9, 10, 11
  • Megiddo · Today: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.