Titus 3
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Fè yo chonje se pou yo soumèt devan tout chèf ak tout otorite, pou yo obeyi yo, pou yo toujou pare pou fè tou sa ki byen. 2Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pesonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun. 3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou. 4Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, 5li te delivre nou. Li pa t' delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n' te ka viv yon lòt jan. 6Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou. 7Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Koulye a nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an. 8Sa se pawòl sèten. Mwen ta renmen ou peze sou bagay sa yo anpil pou tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye ka okipe tout tan yo ap fè sa ki byen. Se bagay konsa ki bon, ki kapab sèvi tout moun. 9Pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, ni nan chache konnen non gran granparan moun, ni nan chache kont, ni nan goumen pou lalwa Moyiz la. Bagay sa yo pa sèvi anyen, yo pa vo anyen. 10Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l' yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li. 11Paske ou konnen byen yon moun konsa fin pèdi. Sè pwòp peche li yo k'ap kondannen li. 12Lè m'a voye Atemas osinon Tichik ba ou, fè posib ou pou ou vin jwenn mwen lavil Nikopolis, paske se la mwen fè lide pase sezon fredi a. 13Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a. 14Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen. 15Tout moun ki avè m' yo voye bonjou pou ou. Di tout zanmi nou nan lafwa yo bonjou. Mwen mande pou Bondye ban nou tout favè li.

Did you know?
Saved for Good Works
- Paul asks Titus to come to him at Nicopolis, where he has decided to spend the winter. Easton's Bible Dictionary (1897) says that Nicopolis means "city of victory," and that the city meant here was most probably the one in Epirus, built by Augustus Caesar to commemorate his victory at the battle of Actium in 31 B.C. The subscription at the end of the letter calls it "Nicopolis of Macedonia," but the dictionary regards that identification as probably incorrect.Sources: Nicopolis · the Bible text itself
- So that Titus can leave, Paul plans to send either Artemas or Tychicus. Easton's Bible Dictionary (1897) calls Tychicus an Asiatic Christian and a "faithful minister in the Lord," who traveled with Paul and is also described as having been with him at Rome, from where Paul sent him to Ephesus. Of Artemas, the same dictionary records only the name.Sources: Tychicus · Artemas · the Bible text itself
- Paul also asks Titus to equip Zenas the lawyer and Apollos so that they will have everything they need. Easton's Bible Dictionary (1897) knows Zenas only as a disciple called "the lawyer," and says that nothing more is known of him. Apollos, it records, was a Jew born in Alexandria, eloquent and well versed in the Scriptures, whom Aquila and Priscilla instructed more fully before he went on to Corinth.Sources: Zenas · Apollos · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Nicopolis · 39.023, 20.737 · verse 12
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org