Nations Bible

Titus 2

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesaj la. 2Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans. 3Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp. 4Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo, 5ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p'ap ka pale pawòl Bondye a mal. 6Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas. 7Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. 8Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou. 9Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo. 10Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y'ap fè. Konsa y'a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay. 11Bondye fè konnen favè l' pou tout moun ka delivre. 12Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a. 13Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt. 14Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen. 15Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.

Did you know?

Lives That Match Sound Teaching

  • Titus 2 sets out conduct for each group in the community. Older men are to be temperate, dignified, self-controlled, and sound in faith, love, and perseverance. Older women are to be reverent in behavior, not slanderers or addicted to much wine, but teachers of what is good, so they can train the younger women, while younger men are urged to be self-controlled.Sources: the Bible text itself
  • The chapter links that conduct to the reputation of the message. Younger women are to be self-controlled, pure, managers of their households, kind, and submissive to their own husbands, so that the word of God will not be discredited. The teacher's integrity and wholesome speech should leave any opponent with nothing bad to say, and slaves who are well-pleasing, not argumentative, and not stealing, but showing good faith, are said to adorn the teaching about God our Savior.Sources: the Bible text itself
  • These instructions stand beside what the chapter says about grace. The grace of God has appeared, bringing salvation to everyone, and it instructs us to renounce ungodliness and worldly passions and to live sensible, upright, and godly lives in the present age. The chapter speaks of awaiting the blessed hope and the glorious appearance of our great God and Savior, Jesus Christ, who gave himself to redeem us from all lawlessness and to purify for himself a people for his own possession, zealous for good deeds.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.