Nations Bible

Song of Songs 6

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'. 2Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè. 3Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo. 4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou! 5Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo. 6Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo. 7De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a. 8Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale. 9Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li. 10Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou! 11Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri. 12Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen. 13Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n' ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k'ap danse nan mitan de ran moun?

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Beauty and Royal Splendor

  • The poem praises the woman's beauty by comparing her to Tirzah and Jerusalem, two prominent royal centers. Tirzah was an ancient Canaanite city celebrated for its charm that later served as an early capital of the northern kingdom of Israel, while Jerusalem stood as the mountain capital of Judah.Sources: Tirzah · Jerusalem · the Bible text itself
  • The description of hair streaming down like a flock of goats from Gilead evokes the rugged, mountainous territory east of the Jordan River, where herds grazed along the steep slopes.Sources: Gilead · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 4
  • Gilead · Today: Gilead 1 · 32.187, 35.692 · verse 5

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.