Nations Bible

Revelation 20

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn. 2Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele diab la, osinon Satan, li mete l' nan chenn pou mil (1.000) an. 3Zanj lan voye l' jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l' ankò pou yon ti tan. 4Lè sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l' la. Yo pa t' resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve soti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. 5(Lòt mò yo pa t' leve soti vivan nan lanmò toutotan mil (1.000) an pa pase.) Se sa yo rele premie leve vivan soti nan lanmò a. 6Benediksyon pou moun k'ap patisipe nan premie leve vivan soti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l' pandan mil (1.000) lanne. 7Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan soti nan prizon an. 8Lè sa a, la mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. La sanble yo pou l' ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. 9Yo mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann soti nan sièl la, li disparèt yo. 10Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan. 11Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. 12Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. 13Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. 14Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a). 15Tout moun ki pa t' gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Did you know?

A Thousand Years and the Great White Throne

  • The figure bound for a thousand years is called the dragon, that ancient serpent, the devil, and Satan. Satan means adversary or accuser, and in the New Testament the name is used interchangeably with Diabolos, or the devil; Easton's Bible Dictionary (1897) notes that he is also called the dragon and the old serpent in Revelation 12:9 and 20:2.Sources: Satan · the Bible text itself
  • When the thousand years are complete, the nations assembled for battle are named Gog and Magog. In Genesis, Magog is the second of the sons of Japheth; in Ezekiel, Gog leads a hostile host from the north country, and Magog is a nation that Easton's Bible Dictionary (1897) describes as probably a Scythian or Tartar people, skilled horsemen and experts with the bow.Sources: Magog · Gog · the Bible text itself
  • Jerome, cited by Easton's Bible Dictionary (1897), took Magog to mean fierce and innumerable Scythian nations living beyond the Caucasus and Lake Maeotis, near the Caspian Sea and onward toward India. The same entry treats the vision of Gog and Magog in Revelation 20:8 as, in substance, a reannouncement of Ezekiel's prophecy, and regards proposed links with the Maccabees' wars against Antiochus, with the Chaldeans, or with the Turks as unsatisfactory and inadequate.Sources: Magog · Magog · Gog

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Gog · Today: Lydia · 38.488, 28.040 · verse 8

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.