Nations Bible

Revelation 19

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li. 2Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l' la. Li peni l' byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. 3Yo t'ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k'ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan. 4Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t'ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an! 5Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t'ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi l', nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran! 6Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t'ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa. 7Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare. 8Yo ba l' dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.) 9Zanj lan di m': Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m': Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon. 10Mwen lage kò m' atè pou m' adore li. Men, li di m': Non, pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo. 11Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. 12Je l' yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t' konnen li. 13Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l' pawòl Bondye. 14Lame ki nan sièl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. 15Yon nepe byen file t'ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. 16Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo. 17Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t'ap pale ak tout zwezo k'ap vole nan sièl la, li t'ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a. 18vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran. 19Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l' la. 20Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. 21Nepe ki t'ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

Did you know?

Heaven’s Hallelujah and the Marriage of the Lamb

  • Four times this chapter records the shout “Hallelujah.” A sound like a great multitude in heaven praises God because His judgments are true and just: He has judged the great prostitute who corrupted the earth with her immorality, and has avenged the blood of His servants shed by her hand. The twenty-four elders and the four living creatures fall down and worship God who sits on the throne, saying “Amen, Hallelujah,” and a voice from the throne calls all who serve Him and fear Him, small and great alike, to praise Him.Sources: the Bible text itself
  • The multitude announces that the marriage of the Lamb has come and that His bride has made herself ready. She is given clothing of fine linen, bright and pure, and the passage itself explains that this fine linen is the righteous acts of the saints. An angel tells John to write that those invited to the marriage supper of the Lamb are blessed, and says that these are the true words of God.Sources: the Bible text itself
  • John falls at the angel’s feet to worship him, but the angel does not allow it. He says he is a fellow servant with John and with John’s brothers who rely on the testimony of Jesus, and he tells him to worship God, for the testimony of Jesus is the spirit of prophecy. Heaven then stands open, and John sees a rider on a white horse called Faithful and True, whose name is The Word of God; a sharp sword comes from His mouth, and on His robe and on His thigh is written King of Kings and Lord of Lords.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.