Nations Bible

Psalms 8

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(08:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm David. (08:2) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la! 2(08:3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo. 3(08:4) Lè m'ap gade syèl ou fè ak men ou lan, lalin ak zetwal ou mete ladan li, 4(08:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa? 5(08:6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè. 6(08:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: 7(08:8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo, 8(08:9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè. 9(08:10) Seyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa!

Did you know?

God's Glory and Human Dignity

  • Psalm 8 forms a literary frame known as an inclusio, beginning and ending with the identical declaration: 'O LORD, our Lord, how majestic is Your name in all the earth!'Sources: the Bible text itself
  • The psalm reflects specifically on a nocturnal sky, mentioning the moon and the stars rather than the sun, highlighting the contrast between the vastness of the heavens and human frailty.Sources: the Bible text itself
  • Despite human insignificance compared to the cosmos, the text describes humanity as crowned with glory and given stewardship over domestic herds, wild beasts, birds, and sea creatures.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.