Nations Bible

Psalms 7

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1(07:1) Plent David te pote bay Seyè a pou Kouch, moun laras Benjamen. (07:2) Seyè, Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Delivre m'. Pa kite m' tonbe nan men moun k'ap pèsekite m' yo. 2(07:3) Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou. 3(07:4) Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal, 4(07:5) si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon, 5(07:6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l' mache sou mwen, ou mèt kite l' trennen non m' nan labou. 6(07:7) Seyè, leve non! Mete ou ankòlè! Leve, pran pozisyon kont lènmi m' yo ki fin debòde. Leve non! vin pote m' sekou, paske se jistis ou m'ap chache. 7(07:8) Sanble tout nasyon yo bò kote ou. Rete nan syèl la, gouvènen yo tout. 8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan. 9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo. 10(07:11) Se Bondye ki defans mwen. Li delivre tout moun ki mache dwat. 11(07:12) Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo. 12(07:13) Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li. 13(07:14) Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife. 14(07:15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti. 15(07:16) Li fouye yon gwo twou byen fon nan tè a. Lèfini, se li menm ki tonbe ladan li. 16(07:17) Se konsa, malè li te pare pou lòt moun, se sou li li tonbe. Se pwòp mechanste l' ki tounen kont li! 17(07:18) Mwen menm, m'ap di Seyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Seyè a ki anwo nan syèl la.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Psalm 7: An Appeal to the Righteous Judge

  • The psalm opens with the title 'A Shiggaion of David,' sung concerning 'the words of Cush, a Benjamite,' an individual mentioned only in this superscription in the context of hostile accusations.Sources: the Bible text itself
  • The psalmist uses a formal oath of innocence, declaring that if he has wronged an ally or plundered an enemy without cause, he accepts being overtaken and trampled by his pursuers.Sources: the Bible text itself
  • The text portrays divine justice through the metaphor of retributive recoil, where the wicked person digs a pit only to fall into it, and their own violence falls back upon their head.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.