Psalms 149
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Lwanj pou Seyè a! Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l' yo lè yo reyini! 2Se pou pèp Izrayèl la fè kè l' kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. 3Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li! 4Seyè a pran plezi l' nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo. 5Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la. 6Se pou yo rele byen fò lè y'ap fè lwanj Bondye, avèk nepe nan men yo, 7pou tire revanj sou nasyon yo, pou pini pèp yo, 8pou yo mete wa yo nan chenn, pou mete grannèg yo nan sèp an fè, 9pou ba yo chatiman ki te ekri a. Se va yon bèl bagay pou tout moun k'ap sèvi Bondye. Lwanj pou Seyè a!

Did you know?
Praise and Victory in Zion
- The reference to the children of Zion points to the people of Jerusalem. Zion was the fortified hill captured by King David from the Jebusites, where he established his citadel and palace, known as the City of David.Sources: Zion · the Bible text itself
- Psalm 149 pairs exuberant temple-style worship—including dancing, tambourines, and harps—with imagery of battle, depicting the faithful with high praises in their mouths and double-edged swords in their hands.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org