Nations Bible

Psalms 148

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la! 2Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li. 3Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li! 4Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li. 5Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt. 6Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'. 7Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a, 8dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè, 9gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo, 10tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl. 11Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm, 12jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. 13Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a. 14Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Universal Praise from Heaven and Earth

  • Psalm 148 is organized as a comprehensive cosmic inventory, calling every level of creation to praise God. It begins in the heights of the heavens with angels, heavenly hosts, sun, moon, stars, and celestial waters, before moving downward to the earth.Sources: the Bible text itself
  • The terrestrial section encompasses meteorology, landscapes, flora, wild and domestic animals, and all segments of human society, ranging from monarchs and princes to young men, maidens, and the elderly.Sources: the Bible text itself
  • The hymn concludes its sweeping scope by focusing on God's covenant people, noting that He has raised up a horn for His saints, specifically describing Israel as a people near to Him.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.