Psalms 141
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon sòm David. Seyè, m'ap rele ou, prese vin kote m' non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou! 2Se pou lapriyè m' moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m' leve men m' pou m' lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a. 3Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen! 4Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo! 5Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m'. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m' patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal. 6Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y'a rekonèt pawòl mwen se verite. 7Tankou lè y'ap fann bwa pou fè l' fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a. 8Men, Seyè, Bondye, se sou ou m'ap gade. Se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m' san sekou! 9Pa kite m' pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k'ap fè mal yo. 10Se pou mechan yo pran nan pèlen y'ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m' fè chemen mwen!

Did you know?
Prayer for Protection and Integrity
- The psalm compares personal prayer and lifted hands to the daily temple rituals of burning incense and presenting the evening sacrifice.Sources: the Bible text itself
- The author welcomes correction from the righteous, describing such rebuke as an act of loving devotion and comparing it to soothing oil poured on the head.Sources: the Bible text itself
- Hunting metaphors such as snares, lures, and nets illustrate the dangers posed by evildoers, concluding with a plea that the wicked fall into their own traps.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org