Psalms 140
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(0140:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (0140:2) Seyè, delivre m' anba mechan yo non! Pwoteje m' anba ansasen yo non, 2(0140:3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. 3(0140:4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik. 4(0140:5) Seyè, pa kite m' tonbe anba men mechan yo, pwoteje m' anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m' tonbe. 5(0140:6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m' sou tout chemen mwen. 6(0140:7) Mwen di Seyè a: -Se ou ki Bondye mwen. Koute m' non, Seyè, lè m'ap rele nan pye ou. 7(0140:8) Seyè, Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m' lan. W'ap pwoteje m' lè batay la mare. 8(0140:9) Seyè, pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a! Pa kite sa yo vle fè a rive! 9(0140:10) Pa kite moun ki pa vle wè m' yo dominen sou mwen. Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo! 10(0140:11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli. Se pou l' fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti. 11(0140:12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l' touye yo. 12(0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. 13(0140:14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li. Moun ki obeyi l' yo va toujou viv devan l'.

Did you know?
Protection from the Violent and Deceitful
- The psalm uses vivid imagery from ancient hunting practices, depicting the schemes of the wicked as hidden snares, cords of a net spread along paths, and concealed lures (verses 4–5).Sources: the Bible text itself
- Destructive speech is compared to deadly venom, describing hostile plotters who sharpen their tongues like serpents and carry viper poison on their lips (verse 3).Sources: the Bible text itself
- Amid threats of ambush and conflict, the psalmist portrays God as a shield covering the warrior's head in the day of battle, and as a champion who upholds justice for the poor and needy (verses 7, 12).Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org