Psalms 126
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè Seyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pa t' vle kwè se te vre! 2Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo! 3Wi, li tè fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil. 4Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò. 5Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan. 6Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Did you know?
Joyful Restoration to Zion
- Psalm 126 is titled a song of ascents and reflects on the return of the captives to Zion, one of the primary hills of Jerusalem where David built his royal citadel and city.Sources: the Bible text itself · Zion
- The psalm compares national renewal to sudden rushing water reviving dry stream beds in the arid Negev desert, as well as to laborers who sow seeds in tears but return carrying heavy sheaves of grain in triumph.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org