Psalms 12
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1(012:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (012:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò! 2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt. 3(012:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo. 4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd? 5(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan. 6(012:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon. 7(012:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen! 8(012:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

Did you know?
Pure Words and Divine Protection
- Psalm 12 sharply contrasts deceitful human speech with the purity of God's word. While people speak with flattering lips, double hearts, and boastful claims, the words of the Lord are described as flawless, like silver refined sevenfold in a furnace.Sources: the Bible text itself
- The psalm presents the Lord's intervention as an answer to the oppression and groaning of the poor and needy. In response to their suffering and the pervasive wickedness of the generation, God promises to arise and grant safety.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org