Psalms 11
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se bò kote Seyè a m'ap chache pwoteksyon. Ki jan nou ka fè di m': Kouri al kache kò ou nan mòn tankou zwazo, 2paske mechan yo pare banza yo, y'ap vize ak flèch yo pou yo tire nan fènwa sou moun k'ap mache dwat yo? 3Pa gen anyen yon bon moun ka fè, lè tout bagay tèt anba. 4Seyè a nan kay ki apa pou li a, li gen fotèy li nan syèl la. L'ap gade lèzòm: li konnen sa y'ap fè. 5Kit yo bon, kit yo mechan, Bondye ap gade sa y'ap fè. li pa vle wè moun k'ap fè mechanste. 6Li voye chabon dife ak souf cho sou mechan yo tankou lapli. Li soufle yon van cho kou dife sou yo. Se sa yo tout yo merite. 7Seyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.

Did you know?
Refuge in the LORD and Divine Justice
- The psalm opens with the speaker rejecting counsel to flee like a bird to the mountains when facing danger. Despite the threat of archers aiming from the shadows and the apparent destruction of foundations, the psalmist chooses to take refuge in the LORD.Sources: the Bible text itself
- The text contrasts the hidden malice of the wicked, who shoot unseen from the shadows, with the all-seeing gaze of the LORD from His holy temple and heavenly throne. It declares that God examines all people, reserving fiery coals, sulfur, and a scorching wind for those who practice violence.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org