Philippians 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Se pou sa, frè m' yo ak zanmi m' yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m' kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. 2M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Seyè a. 3Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a. 4Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Seyè a. M'ap repete l' ankò: Fè kè nou kontan anpil. 5Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan. 6Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l' mèsi tou lè n'ap lapriyè. 7Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l', bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri. 8Pou fini, frè m' yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont. 9Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m', ni sa nou te tande m' di ak tou sa nou te wè m' fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou. 10Mwen pa t' manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m' wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m' non. Men, nou pa t' ankò jwenn okazyon fè m' wè jan nou fèb pou mwen. 11Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen. 12Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. 13Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. 14Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo. 15Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou. 16Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen. 17Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. 18Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi. 19Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri. 20Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn. 21Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m' yo voye bonjou pou nou. 22Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou. 23Se pou benediksyon Jezikri, Seyè a, toujou avè nou.
Did you know?
Joy, Agreement, and Generous Partnership
- Paul urges Euodia and Syntyche, two women of the church at Philippi who had labored with him in the gospel, to agree with each other in the Lord. Easton's Bible Dictionary (1897) gives Euodia’s name, spelled Euodias there, as “a good journey,” and Syntyche’s as “fortunate” or “affable,” and takes the appeal to suggest that the two had been at variance.Sources: the Bible text itself · Euodias · Syntyche
- Paul reminds the Philippians that, when he left Macedonia, no other church partnered with him in giving and receiving, and that even in Thessalonica they supplied his needs again and again; he has now received their gifts from Epaphroditus. Macedonia was a Roman province north of Greece, and Thessalonica, on the Thermaic bay, was the capital of one of its four districts, ruled by a praetor.Sources: the Bible text itself · Macedonia · Thessalonica
- Paul names Clement, a Christian of Philippi and his fellow worker, among those whose names are in the Book of Life. Easton's Bible Dictionary (1897) records an opinion of ancient writers that this Clement was the Clement of Rome known in later church history; the letter itself does not make that identification.Sources: the Bible text itself · Clement
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org