Nations Bible

Philippians 3

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Koulye a, frè m' yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m' anyen pou m' repete sa m' te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou. 2Veye kò nou ak moun k'ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou. 3Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè. 4Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m' te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l' pase yo. 5Mwen te gen wit jou depi m' te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye. 6Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale. 7Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. 8Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la, 9pou m' ka viv ansanm avè l' nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m' gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras. 10Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m' konnen Kris la, pou m' santi nan mwen pouvwa ki te fè l' leve soti vivan nan lanmò a, pou m' soufri ansanm avè l' nan soufrans li yo, pou m' rive mouri tankou li tou, 11avèk espwa, mwen menm tou m'a gen pou m' leve soti vivan nan lanmò. 12Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m' prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m'ap kouri sou kous mwen pou m' wè si m' ka mete men sou kote m' dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l' fin mete men sou mwen deja. 13Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan. 14Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri. 15Nou tout ki byen grandi nan lafwa, se menm lide sa a pou n' gen nan tèt nou tou. Men, si gen moun pami nou ki gen lòt lide sou kèk pwen, Bondye va fè yo wè pi klè sou sa. 16Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n' te konmanse a. 17Nou tout frè m' yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k'ap swiv egzanp mwen te bay la. 18Paske, gen anpil moun k'ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m'ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen: 19Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo. 20Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n'ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la. 21Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l' lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l' fè yo tounen tankou kò pa l' la ki gen bèl pouvwa.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

From confidence in the flesh to knowing Christ

  • When the writer lists grounds for confidence in the flesh, he includes belonging to the tribe of Benjamin. Benjamin was the younger son of Jacob by Rachel, born at Ephrath on the road between Bethel and Bethlehem. His mother died giving him birth and named him Ben-oni, "son of my pain," but his father changed that name to Benjamin.Sources: Benjamin (patriarch) · the Bible text itself
  • Easton's Bible Dictionary (1897) says Benjamin's descendants, the Benjamites, were at the Exodus the smallest tribe but one, marched with Manasseh and Ephraim on the west of the tabernacle, and counted 45,600 warriors at the entrance into Canaan. The writer of this chapter still names that tribe as part of his own pedigree.Sources: Benjamin (patriarch) · the Bible text itself
  • He also says he was circumcised on the eighth day, a Hebrew of Hebrews, and a Pharisee as to the law; as to zeal he persecuted the church, and as to righteousness in the law he was faultless. He now counts all of that as loss, even rubbish, compared with knowing Christ Jesus, and he tells his readers to watch out for those he calls mutilators of the flesh.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.