Nations Bible

Mark 16

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè jou repo a te fin pase, Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak, ansanm ak Salome, te achte medikaman pou y' al benyen kò Jezi. 2Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fèk ap leve, medam yo ale nan kavo a. 3Yonn t'ap di lòt: -Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou? 4Lè yo leve je yo, yo wè yo te gen tan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. 5Yo antre nan kavo a, yo wè yon jenn gason chita sou bò dwat la; li te gen yon wòb tou blan sou li. Yo te sezi, yo te pè. 6Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la. 7Ale di disip li yo ansanm ak Pyè, li al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l', jan l' te di yo a. 8Medam yo soti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pesonn anyen tèlman yo te pè. 9Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) 10Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye. 11Men, yo pa t' vle kwè Mari, lè l' te di yo: -Jezi vivan, mwen wè l' ak de je mwen. 12Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò. 13Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t' ankò vle kwè toujou. 14Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo. 15Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun. 16Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. 17Moun ki kwè va fè anpil mirak; y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. 18Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri. 19Apre Seyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, li al chita sou bò dwat Bondye. 20Disip yo pati, y' al anonse Bon Nouvèl la toupatou. Seyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Empty Tomb and the Risen Jesus

  • When the Sabbath was over, Mary Magdalene, Mary the mother of James, and Salome bought spices so they could anoint Jesus’ body, and they went to the tomb just after sunrise. Salome was the wife of Zebedee and the mother of James and John; she had witnessed the crucifixion and was present with the other women at the tomb.Sources: the Bible text itself · Salome
  • The name Mary Magdalene comes from Magdala, her birthplace, and was used to distinguish her from the other Marys of the Gospels. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that a mistaken notion has identified her with the woman called a sinner in Luke 7. This chapter says that Jesus had driven seven demons out of her and that, after he had risen, he appeared first to her.Sources: Mary Magdalene · the Bible text itself
  • A young man in the tomb calls Jesus “the Nazarene” and tells the women that he is going ahead of the disciples into Galilee, where they will see him. Nazareth, the home of Joseph and Mary, is not mentioned in the Old Testament; its name is generally supposed to be the Greek form of the Hebrew netser, “shoot” or “sprout,” though some connect it with the hill behind the town and the Hebrew notserah, “one guarding or watching.” Galilee means “circuit,” and because it long remained occupied by its original inhabitants it came to be called “Galilee of the Gentiles.”Sources: the Bible text itself · Nazareth · Galilee

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verse 6
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verse 7
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 12

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.