Mark 15
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat. 2Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li. 3Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li. 4Pilat mande l' ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou. 5Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil. 6Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. 7Te gen yon nonm yo rele Barabas; li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an. 8Foul moun yo moute lakay Pilat; yo pran mande Pilat pou l' lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a. 9Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou? 10Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li. 11Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas pito. 12Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la? 13Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa! 14Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa! 15Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa. 16Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini. 17Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li. 18Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo! 19Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. 20Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa. 21Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a. 22Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la). 23Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li. 24Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak. 25Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a. 26Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! 27Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò. 28Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo. 29Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou, 30sove tèt ou non, desann sou kwa a. 31Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! 32Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou. 33Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. 34Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?) 35Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l' pale. Yo di: -Koute. Men l'ap rele Eli. 36Yonn nan yo kouri, li al tranpe yon eponj nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè. Epi li di: -Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a! 37Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. 38Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba. 39Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l' wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon. 40Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome. 41Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. 42Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a). 43Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi. 44Men, Pilat te sezi lè l' vin konnen Jezi te gen tan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l' si Jezi te mouri depi lontan. 45Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a. 46Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l' nan dra a, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.
Did you know?
Trial, Crucifixion, and Burial
- According to Easton's Bible Dictionary (1897), Pontius Pilate was a Roman procurator of Judea from A.D. 26 to 36, with headquarters at Caesarea, though he often went up to Jerusalem. At the feast it was his custom to release a prisoner chosen by the people. Barabbas, a name meaning “son of Abba” or “son of a father,” was a notorious robber imprisoned with rebels who had committed murder during an insurrection, and the crowd demanded his release instead of Jesus.Sources: Pontius Pilate · Barabbas · the Bible text itself
- They brought Jesus to a place called Golgotha, which Mark explains as the Place of the Skull. The name represents in Greek letters the Aramaic word Gulgaltha, the Hebrew gulgoleth, meaning “a skull,” and it is the same place known as Calvary. It was a little knoll rounded like a bare skull, a well-known spot outside the gate and near the city.Sources: Golgotha · the Bible text itself
- At the ninth hour Jesus cried out, “Eloi, Eloi, lema sabachthani?” which Mark explains as, “My God, My God, why have You forsaken Me?” Some standing nearby thought he was calling Elijah, the Tishbite prophet, and someone suggested they wait to see whether Elijah would come and take him down.Sources: the Bible text itself · Elijah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Cyrene · 32.821, 21.851 · verse 21
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 41
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 41
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org