Micah 4
Bib La · Tap a verse to see its cross-references.
1Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li. 2Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di: Ann ale sou mòn Seyè a! Ann ale nan tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Seyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. 3L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. 4Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p'ap chache yo kont. Sa se pawòl ki soti nan bouch Seyè a! 5Chak nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Seyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan. 6Seyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M' aval chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo. 7Avèk sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Seyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba. 8Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l' veye bann mouton l' yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an. 9Koulye a, poukisa w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri? 10Tòde kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, koulye a nou pral soti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Seyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo. 11Anpil nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt. 12Men, moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tèt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l' ka pini yo tankou lè yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo. 13Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè.
Did you know?
Peace in Zion and Restoration from Babylon
- Micah portrays Mount Zion, the prominent hill of Jerusalem, elevated as the chief mountain to which nations gather to learn the ways of God. In this vision of divine arbitration, nations cease training for war and repurpose weapons such as swords and spears into agricultural tools like plowshares and pruning hooks.Sources: the Bible text itself · Zion · Jerusalem
- The phrase describing each person sitting under their own vine and fig tree is a proverbial image of complete safety, domestic tranquility, and agricultural abundance free from fear of invasion.Sources: the Bible text itself
- The prophet foretells that the people of Zion will be forced to leave their city, camp in the open countryside, and go to Babylon on the Euphrates, where they will ultimately be rescued and redeemed.Sources: the Bible text itself · Babylon
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Mount Zion · 31.772, 35.229 · verses 1, 7
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 8, 9, 11
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 8, 10, 11, 13
- Babylon · 32.543, 44.422 · verse 10
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org