Nations Bible

Micah 3

Bib La · Tap a verse to see its cross-references.

1M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis? 2Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo. 3N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou dekoupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè. 4Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal. 5Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo: 6Pwofèt! Jou nou yo prèt pou fini. Solèy la ap kouche sou nou. Nou p'ap fè vizyon lannwit ankò. Nan fènwa, nou p'ap wè anyen ankò. 7Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo. 8Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la. 9Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle. 10Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm. 11Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou! 12Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Corruption of Leaders and the Fate of Jerusalem

  • Micah denounces the leadership of Jacob and Israel for systemic corruption across all public offices. In this passage, civic magistrates judge for bribes, priests teach only for compensation, and prophets proclaim peace to whoever feeds them while declaring hostility against those who do not.Sources: the Bible text itself
  • Jerusalem, built on eminences including Mount Zion, was considered invulnerable by its rulers, who assumed God would never allow disaster to strike. Micah challenged this presumption by warning that their wickedness would cause Zion to be plowed like an open field and Jerusalem to become a heap of rubble.Sources: the Bible text itself · Zion · Jerusalem

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 10, 12
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 10, 12
  • Mount Zion · 31.772, 35.229 · verse 12

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib La
The Holy Bible in Haitian Creole
Public Domain
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years.
2020-03-10

Source: http://ebible.org/hat/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.